Dosye Viza Ameriken : Etazini anonse pèman yon depo $15 000 pou garanti moun pa depase tan yo genyen pou rete lakay li


 




Gouvènman ameriken an anonse li pral mete sou pye yon pwogram pilòt ki mande kèk aplikan viza touris pou yo depoze yon lajan garanti ki ka rive jiska $15 000 vèt. Mezi sa a vize sitwayen ki soti nan peyi kote gen anpil ka kote moun depase tan viza yo. Depo a kapab ranbousab si vizitè yo respekte dat depa yo. Pwogram nan gen pou l kòmanse 20 dawout 2025 e li vize bay plis kontwòl sou tan vizitè yo pase Ozetazini.

Administrasyon Donald Trump di mezi sa a ap ede pwoteje fwontyè yo epi redui vyolasyon règleman imigrasyon yo. Anplis depo garanti a, gen lòt frè yo ajoute sou pwosesis imigrasyon an, tankou taks entegrite viza ($250) ak frè pou aplikan azil yo. Mezi sa yo ka tounen yon gwo chay ekonomik pou fanmi k ap vwayaje ansanm. Responsab ameriken yo ap voye yon mesaj bay tout peyi pou yo pran responsablite epi ankouraje sitwayen yo respekte lwa imigrasyon ameriken yo.


Redaksyon: Christina J. Vilmé


Commentaires