Afè tarif dwanye: Guinness, Smirnoff ak Baileys ap fè fas ak gwo difikilte finansye akoz tarif Trump yo
Konpayi britanik Diageo, ki posede Guinness, Smirnoff ak Baileys, fè konnen pwofi li bese anpil pou ane 2024-2025 la. Gwoup la fè 2,4 milya dola, sa ki reprezante yon tonbe 39%. Dapre Diageo, sitiyasyon ekonomik la ansanm ak tarif Prezidan Trump mete sou pwodwi etranje yo mete l nan difikilte. Etazini se pi gwo mache konpayi an, men tarif 10% sou machandiz UK ak 15% sou sa ki soti nan Inyon Ewòp lan lakoz li pèdi apeprè 200 milyon dola pa ane, malgre li ka konpanse mwatye nan sa.
Pou reponn ak sa, Diageo ogmante plan ekonomi li soti 500 milyon pou rive 625 milyon dola, epi li swete fè 3 milya dola kach pa ane apati 2026. Malgre lavant total tonbe 0.1%, byè Guinness ogmante 12% epi tequila Don Julio monte 37%, sa ki ede limite pèt yo. Analys yo di envestisè yo pa fin sèten si konsomasyon bwason ki bese a se yon tandans tanporè oswa yon chanjman abitid moun pou rezon sante ak vi. Malgre tout sa, aksyon Diageo monte plis pase 6,5% nan Bous Lond lan.
Redaktè: Christina J. Vilmé

Commentaires
Enregistrer un commentaire