Kris sekirite an Ayiti: Andrew Holness kritike ak tout fòs kominote entènasyonal la

Aktyalite entènasyonal 

Redaksyon: Extensive presse 


Premye minis Jamayik la, Andrew Holness, kritike ak anpil fòs, madi sa a, jan kominote entènasyonal la rete san aji devan kriz sekirite a k ap dejenere an Ayiti. Pandan 49yèm somè chèf dEta ak gouvènman CARICOM nan, li lanse yon apèl fò pou yo aji.

« Nou pa ka kite gang yo ap touye frè nou ak sè nou ann Ayiti », se sa Holness deklare, pandan li eksprime dezapwentman li pou jan kominote entènasyonal la pa mete aksyon konkrè devan sitiyasyon an kap vin pi grav chak jou.

Chèf gouvènman Jamayiken an lanse apèl bay tout lòt lidè Karayib yo pou yo kontinye mete presyon pou gen yon entèvansyon kowòdone. Li reafime angajman peyi li pou soutni nenpòt inisyativ ki vize retabli sekirite ak estabilite ann Ayiti.

N ap raple 49e konferans Chèf dEta ak Gouvènman Caricom nan te koumanse nan dat 6 jiyè a nan Montego Bay, nan Jamayik,  li bout jodi 8 jiyè 2025 lan .

Commentaires