Ribrik: Aki-Kilti Piblikasyon 01 avril 2024
Anpil moun nan lemond wè rara a tankou yon rasanbleman dyabolik parapò ak pratik yon aplike ladan l. Anpil lòt pran l pou yon pastan, yon moman plezi pou yo defoule yo epi voye kèk estrès ale. Nan peyi d Ayiti, rara a nou wè la a pa yon senp defoulman, li se yon fòm mizikal ki mete an valè yon ansanm eleman nan tradisyon ayisyèn lan.
Kisa ki rara a? Kote li sòti? Kilè yo fete rara?
Rara se youn nan fòm mizikal nou jwenn an Ayiti. Li se yon tradisyon oral, yon sòt de rasanbleman popilè ki pratike nan lari tankou yon defile e ki rale kokenn chenn espektatè. Ou pa bezwen fèt an Ayiti pou w danse rara. Rara mete an valè plizyè enstriman ki sòti nan peyi Lafrik, tankou mannouba, ogan, twonpèt, saksofòn ak graj. Ladan tou nou jwenn yon objè ki te make peryòd esklavaj la nan Sendomeng “ fwèt kach oubyen fwèt zonbi” ak “ dans chèn nan pye”, yon ansanm pratik ki fè moun sonje pase kolonyal peyi d Ayiti.
Nan yon kontèks sosyal, daprè yon apwòch popilè ki fèt sou kesyon rara a, yo kwaze pratik sa a ak “konbit”, yon metòd peyizan itilize pou plante latè oubyen keyi rekòlt yo pi vit, akòz kote kole zepòl ki genyen nan rara a.
Rasin fèt rara a pa kout. Dapre kèk etik etnolojik ki fèt sou rara a, pratik kiltirèl sa a se youn nan pwen rankont ansanm pèp ki te sou Zile a nan epòk XV èm syèk yo. Li anglobe karakteristik ansanm sivilizasyon sa yo, pou n site amerendyen yo, Ewopeyen yo ak Afriken yo. Fèt rara a n ap gade la a asosye ak sezon prentan an Amerendyen yo renmen fete a, jan sa kontinye fèt nan peyi d Ayiti nan peryòd fèt Pak yo, soti mèkredi dèsann pou bout dimanch pak.
Enpòtans rara pou Ayiti
Nan yon etid an pwofondè nou fè, rara a asosye ak vodou, youn nan pratik espirityèl ki site anpil nan listwa endepandans peyi d Ayiti, paske ansanm enstriman ki nan rara a nou jwenn yo nan vodou tou.
Nan sosyete ayisyèn lan, rara sèvi yon eritaj kiltirèl nan pèmèt moun redekouvri yon ansanm pratik pase ki kache nan tradisyon ayisyèn lan. Li endispansab pou sosyete a, paske se youn nan eritaj kiltirèl ki marye plezi ak konesans nan mesaj li voye bay pèp lòt peyi ki ap suiv anbyans sa a chak peryòd karèm nan peyi d Ayiti.
Rara a rantre tou nan yon kad piblisitè, nan fè pwomosyon pou mizik ayisyèn lan. Anpil gwoup mizik entènasyonal itilize kèk touch nan rara a tou pou alimantè mizik yo. Evènman kiltirèl sa a te menm rive travèse nan Repiblik Dominikèn gras ak pèp afwodominiken an sou non sa a “Gagà”, yon fason pou onore zansèt Afriken yo epitou konfrè ayisyen yo ki nan peyi d Ayiti.
Rara a se yon aktivite ki rale moun. Wa di se siwo ak foumi. Depi gen rara yon kote li pa difisil pou w konnen, paske li gen yon son graje ki fè mak li, e li klase kòm youn nan pwen esansyèl nan fè pwomosyon pou kilti ayisyèn lan.
Commentaires
Enregistrer un commentaire