Rubrique: Ma santé /Ma vie
Extensive presse nan ribrik sante ak nitrisyon li « ma santé/ ma vie » envite w vin fè konesans ak fui sa yo manje anpil nan peyi d Ayiti a : «labapen ».
Prezantasyon :
- Kisa ki " labapen" an?
- ki kote non " labapen" an sòti?
- Poukisa li enpòtan pou yon moun manje labapen?
- Kouman pou n manje labapen?
Kisa ki « labapen » an ?
Labapen, jan pèp ayisyen pwononse l la, se yon fui ki sòti nan fanmi « Artocapus Altilis ». Li se yon fui komestib. Pyebwa ki pwodui l la ka mezire 5 jiska 6 mèt wotè.
Si n ap gade byen nan fason natirèl li prezante, labapen an ta vle sanble ak fui sa a ki rele « lam veritab » la pa bò isit, epitou ak fui sa a ki rele « Djaka » a nou plis jwenn nan pwovens peyi a.
Ki kote non « labapen » an soti ?
Dapre listwa, non labapen an se blan ki te premye parèt ak li sou zile a. Yo te vin rive konfonn fui sa a ak fui yo rele « pò m Jak » nou rankontre plis nan peyi letranje yo. Nan lang franse a labapen an e ki ekri konsa « arbre à pain », se sila yo rele pa bò lakay nou « lam veritab » la.
Pou n ale pi lwen, fui sa a ki rele labapen an Ayiti a gen menm resanblans ak lam veritab la. Yo pouse menm fason, yo gen menm koulè po, vèt, menm flè epi pyebwa yo fèt menmjan. Fòk ou fen anpil pou rive diferansye de fui sa yo. Sa k ap pèmèt ou fè diferans ant yo , se andedan nannan fui yo. Lè ou louvri labapen an ou jwenn anpil ti grenn ladan l, tandiske lè ou fann lam veritab ou pa jwenn sa andedan l li menm.
Poukisa li enpòtan pou yon moun manje labapen ?
Labapen se yon fui ki bon anpil pou sante kò a. Li chaje ak vitamin epi pwoteyin. Pa bò isit nan peyi nou, moun plis manje labapen an bouyi le maten ak sèl. Li se yon fui ki sèk epitou fann nan bouch. Menmjan ak lòt fui ki sòti nan fanmi «Moracées » yo (Artocarpus Altilis) tankou lamveritab ak djaka, labapen gen anpil byenfè medikal ladan.
Lapaben se yon fui ki rich ak kalori. Ladan l w ap jwenn prezans amidon ak sik. Li ede moun konbat maladi fwa, maladi po ak zye, tansyon wo, epi dimimye ris kansè lakay moun. Labapen chaje asid gra ladan tou tankou : omega 3 ak omega 6. Li pèmèt cheve moun rete fèm, an sante, epi ede nan sante kè moun. Li konbat kolestewòl tou. Pou n byen di, fui sa a patisipe nan tout sa ki pèmèt kò moun rete an sante.
Yon lòt sekrè ankò, labapen enpòtan anpil pou moun k ap fè espò, pou timoun, granmoun ak jèn moun. Yon fanm ansent kapab manje labapen san kè sote si li pa devlope okenn ris alèji ak fui a, paske l ap itil nan devlopman bebe k ap grandi andedan l lan.
Kouman pou n manje labapen ?
Fason moun manje labapen varye. Pi souvan, fui sa a manje lè l fin kuit, bouyi nan dlo sèl. Gen moun ki manje l ak vyann tankou pwason, poul, mori, elatriye. Gen moun ki kuit diri ak li tankou se te pwa. Li kapab fè gratine, boulèt, nou kapab ajoute l nan vyann, nan legim tou, men se apre l fin pran premye bouyi l pou retire po mawon an. Yon lòt kote, gen moun ki blende l lèl fin bouyi, yo fè ji ak li. Ji a kapab senp oubyen melanje ak lòt fui tankou pistach pa egzanp.
Pou n wè byen, labapen kapab itilize nan yon pakèt resèt, divès fason. Li toujou bon pou yon moun manje labapen nan fason li renmen li an. Labapen pou kont li se yon fui ki chaje ak anpil vitamin epi pwoteyin. Se pou timoun kou granmoun toujou manje l. E se youn nan espesyalite kizin peyi d Ayiti « labapen bouyi ».
Commentaires
Enregistrer un commentaire